thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BonDye bon; moun ki soti nan Li, moutre bonte L’ nenpòt kote yo ale

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

« 30 Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t’ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l’, yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (3/4) mò. 31 Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. 32 Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. 33 Men, yon moun peyi Samari ki t’ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l’ fè l’ mal lè li wè nonm lan. 34 Li pwoche kote l’, li vide lwil ak diven sou blese l’ yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l’ nan yon lotèl kote li pran swen li. 35 Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m’ tounen isit la ankò m’a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li. 36 Apre sa, Jezi di nonm lan: Dapre ou, nan twa moun sa yo, kilès ki te moutre li se frè parèy nonm ki te tonbe nan men ansasen yo? 37 Dirèktè lalwa a reponn: Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: Ale, fè menm bagay la tou. » (Lik 10:30-37)

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo