Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y’a wè BonDye
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 13 Paske, se Bondye menm k’ap travay tout tan nan kè nou. Se li ki ban nou anvi fè sa ki pou fè l’ plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè l’ vre. » (Filipyen 2:13)
« 8 Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y’a wè Bondye. » (Matye 5:8)
« 12 Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. 14 Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou. 15 Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p’ap padonnen peche nou yo non plis. » (Matye 6:12,14-15)