thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BonDye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y’a ye?…

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

« 19 Apre sa, m’a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou. » (Lik 12:19)

« 4 Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a, 5 mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k’ap fè mal yo se pou yon ti tan. 6 Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo, 7 y’ap rete konsa, y’ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase. » (Jòb 20:4-7)

« 17 Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l’ yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y’ap viv pou tout tan. » (I Jan 2:17)

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo