BonDye, se Lespri Li ye, epi Li chache moun ki va adore Li an espri e an verite
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 24 Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k’ap sèvi l’, se pou yo sèvi l’ nan lespri yo jan sa dwe fèt la. » (Jan 4:24)
« 11 Lalwa pa kapab fè Bondye fè pesonn gras. Se bagay ki klè. Men sa ki ekri nan Liv la: Moun Bondye fè gras paske yo gen konfyans nan li, se yo menm ki va gen lavi. » (Galasyen 3:11)
« 17 Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li kòmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi. » (Romen 1:17)
« 38 Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l’ vire do l’ tounen fè bak, li p’ap fè kè m’ kontan. » (Ebre 10:38)