Diferans lan an ant Don ak Fwi de Sentespri a
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 5 Jezi reponn li: Sa m’ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri. 6 Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye. » (Jan 3:5-6)
« 22 Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m’: Mèt, Mèt, se sou non ou nou t’ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. 23 Lè sa a, m’a di yo: Mwen pa t’ janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k’ap fè sa ki mal. » (Matye 7:22-23)
« 1 Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m’ pa gen renmen nan kè m’, bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k’ap fè anpil bwi, pase yon klòch k’ap sonnen. 2 Menm si mwen ta gen don pou m’ fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m’ fè mòn yo chanje plas, si m’ pa gen renmen nan kè m’, mwen pa anyen. » (I Korentyen 13:1-2)
« 13 Koulye a se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran. » (I Korentyen 13:13)
« 16 Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye. » (Romen 8:16)