Èskew te konnen BonDye ban nou Sentespri a san mezi?
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 34 Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l’ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi. 35 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. 36 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p’ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p’ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k’ap tonbe sou yo. » (Jan 3:34-36)