Kiyès ki konnen se pòv yo ye devan BonDye?
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 3 Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. » (Matye 5:3)
« 21 Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li. » (Lik 10:21)
« 20 Farizyen yo mande Jezi kilè Bondye t’ap vin tabli gouvènman l’ lan. Li reponn yo: Bondye ap vin tabli gouvènman l’ lan yon jan pou tout moun wè li. 21 Men, yo p’ap di: Men l’ bò isit, osinon: Men l’ bò laba. Paske, konnen sa byen, gouvenman Bondye a la nan mitan nou. » (Lik 17:20-21)