Lafwa ak bon konprann fè nou panse; Lafwa ki soti nan kè a fè nou santi. ki kalite lafwa ou genyen?
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 7 benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li. 8 L’ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k’ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l’ anyen, l’ap toujou donnen. 9 Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k’ap pase nan kè lèzòm? 10 Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M’ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo. » (Jeremi 17:7-10)