Lè Sentespri a vin sou nou, Li ban nou fòs kouraj, lapè, sekirite epi sitou lavi etenèl
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 1 Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t’ap mache bay mesaj sa a. 2 Li t’ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l’. » (Matye 3:1-2)
« 5 Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan. 6 Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an. » (Matye 3:5-6)
« 8 Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye. 9 Yo nan lerè sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. » (Jan 16:8-9)