Lespri k’ap moutre verite a: Paske Li nan nou… L’ap pale nou sou Mwen…
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 17 Moun k’ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l’, paske yo pa ka wè l’, ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l’ paske li rete nan kè nou, paske li nan nou. » (Jan 14:17)
« 26 Moun ki gen pou ankouraje nou an ap vini, se Lespri k’ap moutre nou verite a, se nan Bondye li soti. Papa a ap ban mwen l’ pou m’ voye ban nou, la pale nou sou mwen. » (Jan 15:26)
« 13 Men, li menm Lespri k’ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p’ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive. » (Jan 16:13)