Moun ki fèt nan dlo ak Sentespri a se lespri yo ye epitou tanp BonDye Vivan an
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye. » (Jan 3:6)
« Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? 17 Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l’ tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a. » (I Korentyen 3:16-17)
« Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k’ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. 20 Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye. » (I Korentyen 6:19-20)