Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m’a ba yo lòt non…
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 17 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m’a ba yo laman ki kache a. M’ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l’ la. » (Revelasyon 2:17)
« 5 Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p’ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M’ap rekonèt yo pou moun pa m’ devan Papa mwen ak devan zanj li yo. » (Revelasyon 3:5)
« 12 Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m’ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p’ap janm soti. M’a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k’ap desann sot nan sièl la, sou yo. M’ap make lòt non mwen an sou yo tou. » (Revelasyon 3:12)