Paske BonDye renmen nou, Li tris lè Li wè nou soufri
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 15 Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p’ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou! » (Sòm 86:15)
« 4 Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p’ap anvye sò lòt moun. Li p’ap fè grandizè, li p’ap gonfle ak lògèy. » (I Korentyen 13:4)
« 8 Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. » (I Jan 4:8)
« 16 Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo. » (I Jan 4:16)