thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive…

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

« 18 Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k’ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò. 19 Moun sa yo pa t’ avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pa t’ avèk nou tout bon. 20 Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a. » (I Jan 2:18-20)

« 4 Milan (1.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit. » (Sòm 90:4) « 8 Men nou menm, frè m’ renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil (1.000) an, milan se tankou yon jou. » (II Piè 3:8)

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo