SENTESPRI A: PI GWO PWOMÈS BONDYE A
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Lavi avèk abondans Bondye te pwomèt li tapral bay pèp li a atravè Senyè Jezi a pa limite nan sans materyèl ki se yon bagay li konsidere piti paske gen pou peri sou latè. Men lavi li te vini ofri ban nou se yon lavi plen sou latè ki va travèse pou rive nan lavi ki pap janm fini an. Lè sa a, sa a posib sèlman si moun yo resevwa batèm nan Sentespri a ki se pi gwo kado Bondye kapab bay la. Ann gade videyo ki antre fon nan sans sa…
Seyè a ap veye tou sa k’ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l’ ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouraj. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete. 2 Kwonik 16:9